ARK NETWORK reference.ch · populus.ch    
 
  
Ex-Libris Altruisme - Jeunes Artistes Chrétiens 
 
 
Rubriques

Liens

 Home  | Livre d'Or  | Album-Photo  | Contact

Poèmes

POEMES DE JEAN-REYNALD HENRY:  
 
DEZESPWA 
 
Jèn lespwa, eske nou pa wè Ayiti tounen depotwa? 
Kote nou nan yon dezè fè nwa 
Tout bagay vire tèt anba 
Menm lè ou redi desann sètifika ak bakaloreya 
Demen si w pa gen dola ou pap menm ka frekante yon inivèsite leta 
Lè w gade anwo ou gade anba ou wè pa gen lespwa 
Ou oblije al jwe domino ak aza anba pye bwa 
Mesye, ala traka lè w pa konn a nan fèy malanga 
Ou sanble ak tout sa k pa sa 
 
--------------------------- 
 
PA FE ERE 
 
Tout moun ki gen bon sans konnen abstinans 
Se sèl bagay ki bay la vi yon chans pou l pa pase nan rans 
Fidelite se yon lòt posiblite depi se li n'ap aplike 
N'a sove anba yon danje k ap ravaje, mete dlo nan je pitit Bon-Dye 
Mezanmi, kapòt pa bay libète pou n fonksyone san kè sote 
Nou jèn se vre, nou vle pran plezi tèt kole 
Nan karese nou bliye si gen yon M.S.T ki egziste 
 
---------------------------------- 
 
Dieu est là 
 
Malgre traka fè nwa ak dezespwa 
Dieu est là! 
Menm si la vi a ap maltrete-w, dekouraje-w 
Dieu est là! 
Malgre tribilasyon ak soufrans 
Dieu est là! 
Dieu est là! Oui, Dieu est là  
Ebyen si Dieu est la ann fè yon gwo konbit 
N ap pran Jezi-Kris kom abit 
Pou yo sispann sivoke-n tankou pipirit 
Ya sispann vann nou an gwo e pa timamit 
N ap bat pou n chanje tout ipokrit 
Kap rimine nou tankou kabrit 
Konsa nou tout va gen yon bon kondwit 
Pou n pare tann yon vizit ki pap soti atè isit 
Dieu est là! Oui, Dieu est là!  
 
---------------------------- 
 
Lè m Sonje 
 
Lè m sonje pouki Ou te vini nan lanati 
M'pap janm bouke di-Ou mèsi 
paske Ou te ban-m la vi  
la vi!!! wi la vi ki pap janm fini 
Mwen tap viv nan yingyann  
èy pou èy, dan pou dan  
M'te tankou yon kannannan  
pou lajan m te konn ap fè sak pa bon 
Ou te vini epi tout sak pa bon 
te chanje an benediksyon 
men kounye a m gen yon sèl vizyon  
se pran yon bon pozisyon 
pou m sèvi-Ou tout tan gen tan 
 
Lè m sonje nan ki eta m te ye 
kouman pou m pa louwe-Ou 
tout glwa se pou Ou paske Ou se Bondye 
mèsi pou kado sa a ke mwen pat merite 
ni m pat espere; se yon bagay mèveye 
O!!! wi lwanj, adorasyon, tout se pou Ou 
 
--------------- 
 
MANMAN POUKI SE OU 
 
Pouki se ou depi li jou 
Ou gen tan ap bourike tou patou 
Ou tankou yon moun ki fou 
Ou sanble ak yon adjoudjou  
Kap fè joujou nan tout kafou 
Ou pa yon restavèk ni yon jeran lakou  
Se ou menm ki pou leve avan l fè jou.  
 
Manman san dan, manman san lajan  
Yo tout se manman paske yap ranpli menm misyon 
Yon bon manman magre tout tribilasyon 
Desepsyon, sitiyasyon, lamantasyon  
Li pap janm remèt demisyon 
Lè m malad si w pa kouri dèyè yon Odon  
Ou kouri dèyè yon Saridon  
E ou toujou jwenn yon bon solisyon 
O!!! Manman nan kèlkeswa sitiyasyon 
Bondye pap janm sispann ba w benediksyon.  
 
Jean Reynald Henry 
Pernier, Haïti 
 
@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@ 
 
POEMES DE SANDY GERMAIN: 
 
TON AMITIÉ 
 
Gentiment tu m'as donné ton amitié 
Naturellement tu m'as écouté 
Jamais tu ne m'as jugé 
Grâce à ton amitié j'ai tout supporté 
 
Tu as entendu mes cris d'alarmes 
Sans jamais rien m'imposer 
Tes bons conseils m'ont guidé 
Tu m'as parlé avec tant de charme 
 
Je voulais te dire merci aujourd'hui 
J'ai beaucoup profité de ton appui 
Si un jour de moi tu as besoin 
Tu peux compter sur mon sontien 
 
---------------------------- 
 
Noël 
 
Regarde les oiseaux 
combien ils sont contents 
pour célébrer ce grand jour 
ce jour de grandes lumières 
 
Regarde les pauvres 
avec des larmes de joie 
des sourires aux lèvres 
pour célébrer ce grand jour 
ce jour de belles aumônes 
 
Ce jour apporte la joie dans la tristesse, 
Le sourire pour évacuer les peines 
Ce jour aide l'âme à voguer 
très loin, très loin 
comme un oiseau voyageur 
dans un pays merveilleux 
 
----------------------------- 
 
If only I could 
 
If I could... 
I would travel to the end of the world 
I would touch the sky 
I would visit the universe 
I would stop thinking about the earth 
I would live where nobody could see me 
My life would change 
But...  
I would still be the same 
I have no power 
My life would never change 
 
------------------------------ 
 
Pourquoi Moi? 
 
Pourquoi toutes ces douleurs me bouleversent? 
Pourquoi la vie me renverse? 
Pourquoi tout le monde me méprise? 
Pourquoi suis-je seule et lasse? 
 
Pourquoi tant de larmes à mes yeux? 
Pourquoi ai-je jamais reçu un voeu? 
Pourquoi suis-je toujours malheureuse? 
 
Pourquoi... moi? 
 
Sandy Germain 
Boston, MA 
 
 
@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@@ 
 
POEMES DE RICARDO EXAVIER: 
 
Pourquoi Vivre 
 
Vivre dans un monde infernal 
A quoi ça sert ? 
Dans un monde de guerre impitoyable 
Que servirait-il de gagner? 
Vivre dans un monde de traîtres, 
De crises, d'animosité 
De haine, de cabale 
Pourquoi vivre dans ce monde? 
La terre est maudite par nos actes 
Enfants, jeunes, adultes, repentez-vous 
Car l'apocalypse est au rendez-vous 
Un rendez-vous céleste 
Un rendez-vous du jugement dernier 
La tribulation, le sceau 666 
Le premier sera le dernier 
Le dernier sera le premier 
Les royaumes terrestres dévastés 
Les pouvoirs humains renversés 
Méfiez-vous de l'Anti-Christ 
Seul Jésus-Christ peut vous sauver 
 
Un Soir 
 
Un soir je me suis réveillé 
Soudainement mon amie m'a appelé 
Pour me décrire son amour incontrôlé 
Et un oiseau vint se poser sur ma fenêtre 
De ses ailes des écailles d'or resplendissaient 
Comme l'éclat des étoiles du ciel 
O merveille exceptionnelle 
Tout simplement il a apporté un message: 
Que notre amour fleurisse 
 
-------------------------------- 
 
Femme 
 
Femme, peau de couleur pistache grillée 
La plus belle créature de la nature 
La plus précieuse 
Même l'arc-en-ciel pâlit 
Devant ta beauté séraphique 
Avec ton architecture magnifique 
Tu es admirable, indispensable 
 
Fanm se poto mitan 
San ou pa gen lanmou 
Pou gason rete dyanm 
Fòk li pwoteje fanm 
 
Femme, tu es notre consolation 
Sans toi on est rien du tout 
 
----------------------------------------- 
 
LA VI-M SAN OU 
 
Ki sans la vi-m genyen san ou? 
Nou gen yon destine damou 
Li pa bon, non li pa bon pou abandone 
Cheri vini, vini pou nou karese 
Jou a prèske rive, fòk nou marye 
Sekrè la vi-m se ou cheri! 
San ou mwen pa ka souri 
Pa fè kapris, rann mwen yon ti sèvis 
Ann swiv yon sèl direksyon byen fiks 
Lanmou se pa gade youn ak lòt nan je 
Se chache viv an amoni, konstwi yon bon fwaye 
 
Ki sans la vi-m genyen san ou? 
Si w kite-m tou sèl, abandone-m kou moun fou 
Nan fon kè-w mwen jwenn yon sekrè 
Afeksyon se bagay ki koute chè 
Chak jou kè-m ap bat pou ou 
Li amoure de ou, e pa gen tankou ou 
Si ou wè-m konsa, se pa fòt mwen cheri 
Se sa ou ye pou mwen an ki fè-m beni 
Lè m'ap panse avè-w kò-m fè chè de poul 
Se sa ki fè-m toujou rete koul 
Di-m non, cheri, kisa ou fè pou m'renmen-w konsa? 
Pa gen lòt ankò, ou sèl ki ka fè sa 
Wi, cheri, vini bò kote-m paske m'paka viv san ou. 
 
--------------------------------------- 
 
Ta Voix 
 
La douceur de Ta voix suave 
Chante les plus belles chansons d'amour 
Dans ma détresse Ta voix m'a consolée 
Afin de vivre dans la sainteté 
O mon Dieu, que Ta voix est charmante, 
Pleine de consolation, 
Remplie de bénédictions 
 
--------------------------------------------- 
 
Désirs Désesperés 
 
Torrents de larmes 
désespéré et déchiré  
sans savoir que faire  
mon coeur  
erre avec l'enfer 
 
L'amour veut toujours fleurir 
mais l'errance surgit 
 
Nature contre nature 
l'humanité contre l'humanité 
Sentiments d'ordures 
cabale au sein d'une foutue société 
 
Mes pensées les plus pires 
des soupires 
 
Ricardo Exavier 
Pernier, Haïti 
 
 

(c) Ex-Libris Altrius -- Jeunes Poètes Chrétiens - Créé à l'aide de Populus.
Modifié en dernier lieu le 2.05.2011
- Déjà 521 visites sur ce site!