ARK NETWORK reference.ch · populus.ch    
 
  
Ex-Libris Altruisme - Jeunes Artistes Chrétiens 
 
 
Rubriques

Liens

 Home  | Livre d'Or  | Album-Photo  | Contact

Gagnants du Concours 2010

Club Artistique Ex-Libris Altruisme 
Concours de Poésie 2010 
 
Les Heureux Gagnants:
 
 
1er. Prix: Mèvèy Bon-Dye par Martine Démosthènes 
2ème. Prix: Douz Janvye par Junior Amazan 
3ème. Prix: Coupables par Getchine 
 
Prix de Consolation: 
Yon Ti Chans Pou Yo par Likenson Destinvil 
Peche e Libere par Geffrard Herard 
Ou Se par Jean-Reynald Henry 
Haiti par Samuel Exavier 
 
1er. Prix: 
MÈVÈY BONDYE
 
Par Martine Démosthènes 
 
Chak jou nou leve n’ap gade 
Nou wè de bagay nou pat espere 
Solèy la kouche 
Sa se pa mèvèy Bondye ? 
 
Lapli kap satuyèt do kay 
Frechè andedan ti kay pay 
Menm si gen kèk jou nou nan tray 
Pa bliye gen yon men kap travay 
 
Van k ap karese fèy pye bwa 
Lalin k ap klere nou lè swa 
Lè noun an tristès kou lè nou an jwa 
Pa bliye tout sak egziste pa yon aza 
 
Etwal ki dekore syèl-la 
Zwazo kap vole nan tout bwa 
Kiyès ou anvi bay tout glwa ? 
Daprè mwen Li se sèl wa 
 
Bondye se motè la nati 
Se Li ki fezè tout bèl ti fi 
Se Li ki pèmèt nou rejwi 
Yon nonm konsa merite glwa 
San Li pa tap gen mond, pa tap gen jwa 
Ba-L glwa tande. 
 
Martine Démosthènes 
Pernier, Haiti 
 
------------------------ 
 
2ème Prix: 
DOUZ JANVYE
 
Par Junior Amazan 
 
Se yon jou m pap janm bliye 
Ki jou sa ye 
12 janvye ki fè tout ayisyen 
Danse san pat gen mizisyen 
 
12 janvye nou te wè lanmò anfas 
Se pa bon nou pi bon ki fè n pa tounen bagas 
Men se paske Senyè a te fè-n gras 
 
Jou sa tè-a te pran ponpe 
Tankou yon ti bourik zonbi monte 
Pou lage pitit Bondye a tè 
Kòm grenn lapli k ap tonbe pou aroze latè 
 
Si’w konn pye zanmann kap jete flè 
Se konsa san frè-n ak sè-n yo te fè reflè 
Nan tout lari Pòtoprens se te kadav 
Se fòs komin ki te sèvi yo kav 
 
Jou sa moun te lote tankou ripwa 
Ki anpile nan mache anba 
Se vre kou-a te di 
Paske tout moun te ozabwa 
Tristès ak chagren te sèvi-n nouriti 
 
Nan tout la ri y’ap kouri tankou moun fou 
Pasi pala yon ti vwa t’ap rele sekou 
Sa te fè mal jouk nan kè 
Men pèsòn pat ka simonte lapè 
Paske tanzantan tè a tap goudou goudou 
E sa sèlman te mete feblès nan tout kè 
 
Jou sa pat gen diferans 
Ant kretyen ak payen 
Tout moun te fè larepantans 
Kretyen, lougarou, asasen, 
Yo tout tap rele delivrans 
Dejou pase yo tounen nan menm tenyen 
 
Pawòl la di mechan ap vin pi mechan 
Sa yo ki jis ap vin pi jis 
Men frè-m, sè-m, ann pran devan 
Se vre dyab la ap fè-w kapris 
Konnen o dènye jou li pral fè mikalaw 
Depi jodi-a chwazi kan pa-w 
 
Panse a 12 janvye 
Egzanp lan te trase 
Pat gen moun ki te epanye 
Tranbleman pat gade sou klas ni ras 
Pou’l te kraze Ayiti kòm yon tas 
 
Apre tout sa ki fin pase 
Mwen ak ou ta dwe chanje 
Men se pa sa ki rive fèt 
Ou panse tout bagay fini nèt 
 
Kretyen piga n rete tankou Sedesias 
Men se pou n viv tankou Abdias 
O kontrè sa ap fè n vin nan menm ras 
O dènye jou pou n ka wè Jezi fas a fas 
 
Pi bon chemen an se kwè nan Letènèl 
Si m fè-l, ou fè-l, li fè-l 
Nou tout pral nan syèl 
Pou n ka al viv pi bèl 
Bò kote zanj Gabryèl 
 
Junior Amazan 
Pernier, Haiti 
 
---------------------------------- 
 
3ème Prix: 
COUPABLES
 
Par Getchine 
 
Nous sommes tous coupables devant la nation 
Nous sommes tous responsables de notre situation 
Certains disent que les châtiments viennent de DIEU 
D’autres disent qu’ils viennent du diable 
Entre autre, nous cherchons tous un bouc émissaire 
Pour prouver ainsi notre innocence 
Nous sommes responsables de ce fléau 
Qui coule à flot dans notre pays 
Ceux qui prétendent défendre les droits de l’homme 
Sont ceux qui cherchent souvent à les violer 
Pourtant nous aimons chanter «mourir est beau pour la patrie» 
Cependant, vous qui avez bravé des dangers et même la mort. 
Vous qui n’avez pas marchandé vos efforts dans la lutte 
Pour une nouvelle Haïti 
Vous ne méritez vraiment pas d’être félicité 
Car le 12 janvier a prouvé votre irresponsabilité 
Mélancolie, cafard, tristesse, désespoir 
Haïti les a tous connu, car ici tout est à l’envers, 
Des cathédrales dévastées, 
Des châteaux ressemblent à des ajoupas 
Les hôpitaux comme des cimetières 
Des prisons, des écoles, des places publiques deviennent abris provisoires 
12 janviers nous a tous montré que nous sommes coupables, 
Coupables de la cupidité, du pouvoir 
Haïti tout entier s’enveloppe dans l’ombre, 
Et l’espoir mourant, sur un ciel riche et sombre. 
Nous sommes tous coupables de notre irresponsabilité. 
 
Getchine 
Pernier, Haiti 
 
 

(c) Ex-Libris Altrius -- Jeunes Poètes Chrétiens - Créé à l'aide de Populus.
Modifié en dernier lieu le 4.03.2011
- Déjà 521 visites sur ce site!